Sephora
Sephora Anne-Mircie Joseph gen sèlman 11 an. Yon timoun ayisyen ki t ap viv République Dominicaine, yon timoun ki te renmen lekòl, ki te toujou jwe dousman, epi ki te fè fanmi li fyè chak jou. 14 novembre 2025, lavi li chanje pou toutan.
Lekòl li t ap òganize yon “pasadía” — yon jounen plezi pou elèv yo. Men jounen ki te sipoze pote kè kontan tounen yon trajedi ke pèsonn p ap janm bliye. Yo mennen elèv yo nan yon plas ki te gen pisin… men san sovtaj (lifeguard), san ekipman sekirite, san siveyans serye.
Sa ki pa t dwe rive… rive.
Nan kèk minit, Sephora te jwenn tèt li ap nwaye. Pa t gen moun ki te pare pou reponn. Pa t gen moun ki te sispann jwe mizik pou tande apèl pou sekou. Pa t gen pwofesè oswa responsab ki te pran sekirite timoun yo kòm priyorite.
E se la rèv yon timoun etenn.
Sa ki fè pi mal ?
Fanmi li te pase douz jou antye ap tann yon deklarasyon ofisyèl nan men lekòl la.
Douz jou chaje ak gwo doulè, gwo silans, ak gwo mank de respè.
Epi jodi a, gen ankèt ki louvri pou fè limyè sou posib neglijans, manslò, ak responsablite lekòl la.
Sephora pat sèlman yon timoun ki mouri nan yon aksidan.
Li se senbòl yon verite ki difisil pou pase: timoun imigran yo pa toujou jwenn pwoteksyon, valè, oswa sekirite yo merite .
E se pou sa nou bezwen pale de li. Nou bezwen leve vwa l. Nou bezwen mande vérité.
Nou rakonte istwa li pou memwa li pa janm mouri.
Pou fè konnen ke lavi li konte.
Pou fè moun konprann ke chak timoun, kèlkeswa nasyonalite yo, mérite sekirite ak diyite .
Sephora, nou sonje ou.Nou rele non ou. E nou mande jistis pou ou. 🕯️💔
JusticePourSephora

Disclaimer: This content is based on publicly available information and independent analysis and is provided for informational purposes only.
